Home » Entertainment » Kote Dorisca Marie Darline jwenn kouraj pou goumen ak kansè?

Kote Dorisca Marie Darline jwenn kouraj pou goumen ak kansè?

Written By Chokarella on Monday, Aug 08, 2022 | 07:21 PM

 
Dorisca Marie Darline, gen 17 lane, li ap goumen ak yon kansè nan zo (Sarcome osseux) nan faz 4. Groupe de Support Contre Le Cancer pèmèt li rankontre Carel Pedre ki te tou pwofite envite li menm ak fanmi li pou yo visite Cap-Haitien. Doris pral fè 3e chimyoterapi li lòt semenn e li te bezwen ti moman detant ak kè kontan sa a.